Gid gratis
Gid Entèvyou Azil
Men kesyon yo poze pi souvan nan yon entèvyou azil. Chak kesyon ekri an Kreyòl, epi an Angle touswit anba l, pou w ka li l nan lang ou pi alèz, konprann li, epi prepare w san prese.
25
Kesyon
Kreyòl ak Angle, youn anba lòt
Kesyon yo
25 kesyon
- 01
Kreyòl
Kijan ou rele? Ki non konplè ou?
AngleWhat is your full legal name? - 02
Kreyòl
Ki dat nesans ou ak ki kote ou fèt?
AngleWhat is your date of birth and where were you born? - 03
Kreyòl
Ki nasyonalite ou?
AngleWhat is your nationality? - 04
Kreyòl
Ki relijyon ou? Ki etnisite ou?
AngleWhat is your religion and ethnicity? - 05
Kreyòl
Poukisa ou kite peyi ou?
AngleWhy did you leave your country? - 06
Kreyòl
Poukisa ou ap mande azil Ozetazini?
AngleWhy are you applying for asylum in the United States? - 07
Kreyòl
Kisa ki rive ou ki fè ou pa ka tounen?
AngleWhat happened to you that makes you unable to return? - 08
Kreyòl
Kiyès ki te fè ou mal oswa menase ou?
AngleWho harmed you or threatened you? - 09
Kreyòl
Konbyen fwa sa rive ou?
AngleHow many times were you harmed or threatened? - 10
Kreyòl
Kilè dènye fwa yo te fè ou mal? Ki dat egzak?
AngleWhen was the last time you were harmed? What was the exact date? - 11
Kreyòl
Poukisa yo te fè ou sa? Se akòz politik, relijyon, ras?
AngleWhy did they harm you? Was it because of your race, religion, political opinion? - 12
Kreyòl
Èske ou se manm yon pati politik oswa yon gwoup?
AngleAre you a member of any political party or group? - 13
Kreyòl
Èske ou te ale nan lapolis oswa lajistis?
AngleDid you report this to the police or authorities? - 14
Kreyòl
Kisa lapolis te fè lè ou te pote plent?
AngleWhat did the police do when you reported it? - 15
Kreyòl
Poukisa ou pa te ale nan lapolis?
AngleWhy didn't you go to the police? - 16
Kreyòl
Èske leta peyi ou vle oswa ka pwoteje ou?
AngleIs your government unable or unwilling to protect you? - 17
Kreyòl
Èske ou ka al viv nan yon lòt vil nan peyi ou pou an sekirite?
AngleCan you safely live in another part of your country? - 18
Kreyòl
Kisa ou pè ki ap rive si ou tounen kounya?
AngleWhat do you fear will happen if you return now? - 19
Kreyòl
Èske fanmi ou te viktim tou pou menm rezon an?
AngleWere your family members harmed for similar reasons? - 20
Kreyòl
Ki kote fanmi ou ye kounya?
AngleWhere are your family members now? - 21
Kreyòl
Kilè ou te rive Ozetazini? Kijan ou te vwayaje?
AngleWhen did you arrive in the US and how did you travel? - 22
Kreyòl
Èske ou te mande azil nan yon lòt peyi anvan?
AngleHave you applied for asylum in another country before? - 23
Kreyòl
Èske ou gen prèv? Foto, rapò doktè, lèt menas?
AngleDo you have any evidence to support your claim? - 24
Kreyòl
Èske ou te janm tounen nan peyi ou depi ou kite l?
AngleHave you ever returned to your country since you left? - 25
Kreyòl
Si sitiyasyon peyi ou amelyore, èske ou ta tounen?
AngleIf conditions improve, would you return to your home country?
Ap vini
Se tout kesyon ki sou paj sa a pou kounye a. Lè nou gen plis, y ap ajoute yo isit la menm, san w pa bezwen chèche yon lòt kote.
Sonje byen
Paj sa a se yon lis kesyon yo poze, sèlman. Se pa konsèy legal, epi nou pa avoka. Nou pa di w kisa pou w reponn. Si w bezwen yon moun ki ka konseye w sou ka w, se yon avoka w bezwen — epi youn nan sèvis nou se ede w jwenn youn probono nan zòn ou.